Kondisyon Jeneral Lavant

Medya 360 — Dènye mizajou: Oktòb 2026

1. Obje

Kondisyon sa yo regle tout lavant pwodwi ak sèvis Medya 360 ofri sou sit medya360.info (fòmasyon, pwodwi dijital, sèvis maketing, lokasyon espas). Lè ou achte, ou aksepte kondisyon sa yo.

2. Pri ak peman

Pri yo afiche an dola ameriken (USD) oswa an goud selon pwodwi a. Peman fèt sou entènèt pa kat kredi/debi oswa lòt mwayen nou aksepte. Kòmann ou konfime sèlman apre peman fin pase.

3. Livrezon pwodwi dijital

Pwodwi dijital (fòmasyon, ebook, template) livwe pa imèl oswa atravè kont ou sou sit la, jeneralman nan mwens ke 24 èdtan apre peman konfime.

4. Sèvis

Pou sèvis (maketing, jesyon paj, videyo IA), delè livrezon an dakò ak kliyan an anvan travay la kòmanse. Nou bay yon devis ekri anvan tout angajman.

5. Dwa pwopriyete

Tout kontni (tèks, videyo, imaj, PDF) se pwopriyete Medya 360. Ou pa gen dwa pataje, revann oswa distribye yo san otorizasyon ekri.

6. Litij

Nan ka dezakò, n ap chèche yon solisyon amikab dabò. Si sa pa mache, tribinal konpetan an Ayiti ap deside.

Kesyon? Kontakte nou sou WhatsApp: +509 34 97 81 67 oswa vizite paj Kontak.