Règleman Anilasyon Kòmann

Medya 360 — Dènye mizajou: Oktòb 2026

1. Anvan peman

Ou ka anile nenpòt kòmann anvan peman san okenn frè.

2. Apre peman — pwodwi dijital

Si ou poko telechaje oswa jwenn aksè, ou ka anile nan 24h pou ranbousman konplè.

3. Apre peman — sèvis

Si travay la poko kòmanse: anilasyon gratis. Si travay la kòmanse: frè pwopòsyonèl ak travay fèt la ka aplike.

4. Espas

Anilasyon jiska 48h anvan: ranbousman konplè. Mwens ke 48h: 50% frè anilasyon.

5. Kijan pou anile

WhatsApp +509 34 97 81 67 ak nimewo kòmann ou.

Kesyon? Kontakte nou sou WhatsApp: +509 34 97 81 67 oswa vizite paj Kontak.